18/08/2025
🎒✨ 4èm Edisyon Kanpay Leve Fon pou Rantre Lekòl 2025 ✨🎒
Rantre lekòl se pa sèlman yon dat sou kalandriye… se yon nouvo depa, yon chans pou timoun yo kwè nan rèv yo. Men, anpil ladan yo pa gen sa yo bezwen pou yo kòmanse ane a: kaye, sak lekòl, kreyon… San zouti sa yo, aprann vin pi difisil, rèv yo parèt pi lwen.
Se poutèt sa Yummy, The Ladies, ansanm ak MC Enterprise ak TC, lanse 4èm edisyon kanpay leve fon sa a. Objektif nou se akonpaye plis pase 100 timoun, pou yo rantre lekòl ak kè kontan, konfyans ak diyite.
🌟 Chak ti jès konte!
Avèk sipò ou, nou kapab mete souri sou vizaj timoun sa yo, ba yo materyèl ki nesesè, epi limen espwa nan lavni yo.
📌 Kijan ou ka patisipe ?
➡️ Zelle
➡️ Interac
➡️ Moncash / Natcash : Rele oswa ekri sou nimewo ki make sou flyers la pou plis enfòmasyon.
🤝 Ansanm, nou ka chanje lavi yon timoun jodi a, epi bati yon demen ki pi bèl.
👉 Yon timoun byen ekipe jodi a, se yon avni ki klere demen.